Blog
Kisa yon siklòn ye
Yon siklòn se yon ajitasyon nan atmosfè a ki gen fòm gwo mas nyaj ki fòme yon toubiyon kidonk kap vire; ki vini ak deplasman gwo van, gwo lapli kap tonbe san rete ak gwo vag lanmè. Ajitasyon sa fèt sou lanmè ki cho tankou nan zòn tropikal yo.
Siklòn
Kisa ki tranbleman tè ?
Yon tranbleman tè se yon fenomèn ki pwodui nan lanati kote tè a tranble (gwo sekous) sanzatann pandan lap mete deyò pwòp enèji li pran pandan plizyè ane. Fenomèn sa kapab fè gwo dega akòz ond elastik kap pwopaje nan sans vètikal ak orizontal depi nan sant tè a jouk rive deyò nèt.
Tranbleman Tè
Kisa ki deboulonnay tè ?
Yon deboulonnay tè osnon glismann teren (mouvman teren) se yon deplasman, yon kase sèk (sanzatann oubyen bridsoukou) oubyen yon defòmasyon tè a oubyen anba tè a ki kapab fèt natirèlman (ewozyon, pant, tranblemann tè, nati wòch yo) oubyen akoz aksyon moun (ibanizasyon, debwazman, esplwatasyon min…)
Deboulonnay Tè
Kisa inondasyon ye?
Inondasyon se yon fenomèn ki pwodui nan lanati kote gwo dlo debòde, anvayi yon zòn ki pat gen dlo (tè sèk yo). Anplis, gen inondasyon se lè gwo dlo ak larivyè desann. Lè sa dlo a kapab monte byen wo.
Inondasyon
KISA PLAN IJANS LAN YE?
Yon plan ijans familyal se yon zouti ki kapab ede nou (fanmi kap viv nan kay la) prepare davans sizoka ta gen yon ijans. Yon plan ijans familyal enpòtan anpil nan yon fanmi, li kapab pèmèt ou sove lavi moun ki pwòch ou, entegrite fizik nou ak sa nou genyen, anvan, pandan epi aprè yon katastwòf (dezas) fin pase (frape).